1 Pyè 5:4-7
1 Pyè 5:4-7 1998 Haïtienne (HAT98)
Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye. Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li. Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa l'a leve nou lè pou l leve nou an. Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.
1 Pyè 5:4-7 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Ainsi quand le Chef des bergers viendra, vous recevrez pour toujours une récompense pleine de gloire. Vous, les jeunes, obéissez aux anciens ! Et vous tous, faites-vous petits les uns devant les autres. Les Livres Saints disent : « Dieu résiste aux orgueilleux, mais il est bon pour les petits. » Faites-vous petits sous la main puissante de Dieu, pour qu’il vous honore quand le moment sera venu. Mettez tous vos soucis dans la main de Dieu, parce qu’il prend soin de vous.
1 Pyè 5:4-7 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Konsa, lè pi gran gadò a va vini, n ap resevwa yon kouwòn, yon kouwòn ekstrawòdinè ki p ap janm wouye. Jenn jan, m ap pale avè nou tou. Nou dwe aksepte otorite ansyen yo. Nou pa dwe gen lògèy nan relasyon nou youn ak lòt. “Bondye kanpe kont moun ki gen lògèy, men moun ki rekonèt yo piti, li fè yo gras.” Konsa se pou nou soumèt nou devan Bondye ki gen tout pouvwa a pou li menm li ka leve nou lè lè a va rive. Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l ap pran swen nou.
1 Pyè 5:4-7 New International Version (NIV)
And when the Chief Shepherd appears, you will receive the crown of glory that will never fade away. In the same way, you who are younger, submit yourselves to your elders. All of you, clothe yourselves with humility toward one another, because, “God opposes the proud but shows favor to the humble.” Humble yourselves, therefore, under God’s mighty hand, that he may lift you up in due time. Cast all your anxiety on him because he cares for you.
1 Pyè 5:4-7 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Alors, quand le Berger en chef paraîtra, vous recevrez la couronne de gloire qui ne perdra jamais sa beauté. Vous de même, jeunes gens, soumettez-vous aux responsables de l’Eglise. Et vous tous, dans vos relations mutuelles, revêtez-vous d’humilité, car l’Ecriture déclare : Dieu s’oppose aux orgueilleux, mais il accorde sa grâce aux humbles . Tenez-vous donc humblement sous la main puissante de Dieu, pour qu’il vous élève au moment fixé par lui et déchargez-vous sur lui de tous vos soucis, car il prend soin de vous.