1 Pyè 5:1-5
1 Pyè 5:1-5 1998 Haïtienne (HAT98)
Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale kounyeya ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la. Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l ak tout kè nou. Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo. Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye. Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.
1 Pyè 5:1-5 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Maintenant, je parle aux anciens qui sont au milieu de vous. Moi, je suis ancien comme vous. J’ai été témoin des souffrances du Christ et je dois participer à la gloire qui va paraître. Prenez soin du troupeau que Dieu vous a confié. Ne faites pas cela par devoir, mais de bon cœur, comme Dieu le désire. Agissez non pour gagner de l’argent, mais par amour. Avec ceux que Dieu vous a confiés, ne soyez pas des chefs durs, mais devenez les modèles du troupeau. Ainsi quand le Chef des bergers viendra, vous recevrez pour toujours une récompense pleine de gloire. Vous, les jeunes, obéissez aux anciens ! Et vous tous, faites-vous petits les uns devant les autres. Les Livres Saints disent : « Dieu résiste aux orgueilleux, mais il est bon pour les petits. »
1 Pyè 5:1-5 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Kounye a m ap pale ak ansyen ki nan mitan nou yo. M se yon ansyen menm jan ak nou epi m se youn nan moun ki te temwen soufrans Kris la. Mwen menm tou, m ap patisipe nan glwa ki gen pou vini an. Men sa m ap mande nou. Aji tankou gadò sou bann mouton Bondye mete sou kont nou yo. Pa veye sou yo poutèt yo fòse nou, men veye sou yo paske se sa Bondye vle. Pa fè sa nan lide pou nou fè kòb, men fè l ak tout kè nou. Pa chache domine sou moun sa yo Bondye mete sou kont nou. Men, nou dwe yon bon egzanp pou yo. Konsa, lè pi gran gadò a va vini, n ap resevwa yon kouwòn, yon kouwòn ekstrawòdinè ki p ap janm wouye. Jenn jan, m ap pale avè nou tou. Nou dwe aksepte otorite ansyen yo. Nou pa dwe gen lògèy nan relasyon nou youn ak lòt.
1 Pyè 5:1-5 New International Version (NIV)
To the elders among you, I appeal as a fellow elder and a witness of Christ’s sufferings who also will share in the glory to be revealed: Be shepherds of God’s flock that is under your care, watching over them—not because you must, but because you are willing, as God wants you to be; not pursuing dishonest gain, but eager to serve; not lording it over those entrusted to you, but being examples to the flock. And when the Chief Shepherd appears, you will receive the crown of glory that will never fade away. In the same way, you who are younger, submit yourselves to your elders. All of you, clothe yourselves with humility toward one another, because, “God opposes the proud but shows favor to the humble.”
1 Pyè 5:1-5 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
C’est pour cela que j’adresse quelques recommandations à ceux parmi vous qui sont responsables de l’Eglise. Je leur parle en tant que responsable comme eux et témoin des souffrances de Christ, moi qui ai aussi part à la gloire qui va être révélée. Prenez soin du troupeau de Dieu qui vous a été confié. Faites-le, non comme si vous y étiez contraints, mais par dévouement, comme Dieu le désire ; non pas pour de honteuses raisons financières, mais de plein gré ; et n’exercez pas un pouvoir autoritaire sur ceux qui ont été confiés à vos soins, mais soyez les modèles du troupeau. Alors, quand le Berger en chef paraîtra, vous recevrez la couronne de gloire qui ne perdra jamais sa beauté. Vous de même, jeunes gens, soumettez-vous aux responsables de l’Eglise. Et vous tous, dans vos relations mutuelles, revêtez-vous d’humilité, car l’Ecriture déclare : Dieu s’oppose aux orgueilleux, mais il accorde sa grâce aux humbles .