1 Wa 14:1-31

1 Wa 14:1-31 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè sa a, Abija, pitit gason wa Jewoboram lan, tonbe malad. Jewoboram di madanm li: — Abiye ou yon jan pou pèsonn pa rekonèt se madanm mwen ou ye, pati ale lavil Silo. Se la pwofèt Akija rete. Se li ki te di m mwen ta pral gouvènen pèp Izrayèl la. W'a pran dis pen, kèk gato ak yon bokal siwomyèl pou fè li kado. Ou va ale lakay li. Se sèten, l'a fè ou konnen sa k'ap rive pitit gason mwen an. Se konsa madan Jewoboram ale lakay Akija, lavil Silo. Akija te granmoun anpil. Li te fin avèg nèt. Senyè a te fè Akija konnen madanm Jewoboram ap vin wè li pou pitit gason l lan ki malad. Li te di l: — Lè madanm Jewoboram vini, l'ap fè tèt li pase pou yon lòt moun. Ou menm, w'a di l sa m'a mete nan bouch ou pou di l. Lè madanm Jewoboram rive, li fè tèt li pase pou yon lòt moun vre. Men lè Akija tande bri pye li ap vini nan papòt la, li di li: — Antre non, madan Jewoboram. Poukisa w'ap fè tèt ou pase pou lòt moun konsa? Tout jan, mwen gen move nouvèl pou ou. Ale di Jewoboram men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la voye di l: Mwen te chwazi ou nan mitan pèp la, mwen mete ou chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Mwen wete baton kòmandman nan men moun fanmi David yo, mwen ba ou li. Men, ou pat tankou David, sèvitè m lan, ki te toujou koute lòd mwen te ba li, ki te mache ak kè kontan nan chemen mwen te ba li, ki te fè sa ki pou fè m plezi ase. Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati kwiv pou yo. Ou voye mwen jete, ou fè mwen fache. Se poutèt sa, Jewoboram, mwen pral fè malè tonbe sou fanmi ou. Mwen pral touye dènye gason nan fanmi ou, timoun kou granmoun. M'ap disparèt fanmi ou nèt nan peyi Izrayèl, y'ap bale yo voye jete tankou yo jete poupou. Chen pral manje kadav moun nan fanmi ou ki va mouri nan lavil. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò. Se Senyè a menm ki di sa. Ou menm pou tèt pa ou, madanm Jewoboram, leve non, tounen lakay ou. Rive w'a rive lavil la, pitit la ap mouri. Tout moun peyi Izrayèl va pran dèy pou li. Yo va antere li. Nan tout fanmi Jewobowam, se li menm ase y'ap antere, paske se li menm ase ki te yon ti jan bon nan je Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Senyè a pral mete yon lòt wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral disparèt fanmi Jewoboram lan. Se pou jòdi a wi sa m'ap di la a. Se pou kounyeya menm. Senyè a pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Senyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a. Senyè a pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou. Madanm Jewoboram pati, li tounen lavil Tisra. Lè li fè sa l'ap antre lakay li, pitit la mouri. Moun pèp Izrayèl yo fè dèy nasyonal pou li. Yo antere li jan Senyè a te di nan bouch pwofèt Akija a. Tout lòt bagay wa Jewoboram te fè yo, istwa lagè li te fè ak jan li te gouvènen peyi a, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. Jewoboram te wa pandan venndezan. Lè li mouri, yo antere l. Se Nadab, pitit gason l lan, ki moute sou fòtèy la nan plas li. Woboram, pitit gason Salomon an, te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disetan lavil Jerizalèm, lavil Senyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl la pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama. Moun peyi Jida yo fè sa ki mal nan je Senyè a. Yo fè pi mal pase zansèt yo. Se konsa yo te lakòz kòlè Senyè a tonbe sou yo. Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa. Sa ki pi rèd toujou, te gen fanm ak gason nan tout kote sa yo ap fè jennès nan sèvis pou zidòl. Moun peyi Jida yo te lage kò yo nan fè tout vye malpwòpte pèp Senyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou pèp Izrayèl la. Woboram te gen senkan depi li te wa lè Chichak, wa peyi Lejip la, atake lavil Jerizalèm. Li pran tout trezò ki te nan tanp lan ak nan palè wa a, ata gwo plak pwotèj lò Salomon te fè fè yo. Wa Woboram fè fè gwo plak pwotèj kwiv pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo bay chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay kay wa a. Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo pran gwo plak pwotèj yo pote yo vini. Lè l ale, yo pote yo tounen nan sal gad la. Tout lòt bagay wa Woboram te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Pandan tout tan sa a se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboran. Lè Woboram mouri, yo antere l nan tonm fanmi an nan Lavil David la. Manman l te rele Nama, se te moun lavil Amon. Se Abijam, pitit gason Woboram lan, ki moute sou fòtèy la nan plas papa l.

1 Wa 14:1-31 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Un jour, Abia, fils de Jéroboam, tombe malade. Alors Jéroboam dit à sa femme : « Change de vêtements. Personne ne doit savoir que tu es la femme du roi. Puis va à Silo, où se trouve le prophète Ahia. C’est lui qui m’a dit que je deviendrais roi d’Israël. Prends avec toi dix pains, des gâteaux et un pot de miel. Va le trouver. Il t’annoncera sûrement ce qui arrivera à notre enfant. » La femme de Jéroboam obéit. Elle part pour Silo et entre dans la maison d’Ahia. Le prophète est tellement vieux que son regard est fixe, il ne voit plus clair. Mais le SEIGNEUR lui a dit : « La femme de Jéroboam va venir te consulter parce que son fils est malade. Quand elle arrivera, elle te fera croire qu’elle est quelqu’un d’autre. » Le SEIGNEUR lui indique alors comment répondre. Dès qu’Ahia entend le bruit de ses pas, au moment où elle passe la porte, il dit : « Entre, femme de Jéroboam. Tu fais croire que tu es quelqu’un d’autre, pourquoi donc ? J’ai pour toi une mauvaise nouvelle. Va dire à Jéroboam les paroles du SEIGNEUR, Dieu d’Israël : “Tu étais un homme ordinaire. Je t’ai choisi parmi tous les autres pour faire de toi le chef d’Israël mon peuple. J’ai arraché le pouvoir royal à la famille de David et je te l’ai donné. Mais tu n’as pas agi comme mon serviteur David. Lui, il a obéi à mes commandements et il m’a servi de tout son cœur en faisant uniquement ce qui est bien à mes yeux. Tu as agi plus mal encore que tous ceux qui étaient avant toi : tu as provoqué ma colère en te fabriquant des statues d’autres dieux en métal fondu, et moi, tu m’as rejeté. C’est pourquoi je vais faire venir le malheur sur ta famille. Je supprimerai tous les hommes de chez toi, esclaves ou hommes libres en Israël. Je ferai disparaître complètement ta famille comme on fait disparaître les ordures avec un balai. Toute personne de ta famille qui mourra dans la ville, les chiens la mangeront. Toute personne qui mourra dans la campagne, les charognards la dévoreront.” Voilà ce que dit le SEIGNEUR. » Le prophète continue : « Et toi, rentre chez toi. Dès que tu entreras dans la ville, ton fils mourra. Alors tout le peuple d’Israël fera pour lui les cérémonies de deuil. On l’enterrera, et il sera le seul de la famille de Jéroboam qui aura une tombe. En effet, il est le seul de cette famille en qui le SEIGNEUR, Dieu d’Israël, a trouvé quelque chose de bon. Plus tard, le SEIGNEUR désignera un nouveau roi pour Israël, et celui-ci supprimera la famille de Jéroboam. D’ailleurs, c’est ce qui arrive aujourd’hui, en ce moment même. Puis le SEIGNEUR frappera les gens d’Israël. Ils ressembleront à des roseaux qui tombent dans l’eau. Le SEIGNEUR les arrachera de ce bon pays qu’il a donné à leurs ancêtres. Il les enverra de l’autre côté du fleuve Euphrate . Voilà ce qui leur arrivera, parce qu’ils ont provoqué la colère du SEIGNEUR en fabriquant des poteaux sacrés. Le SEIGNEUR les abandonnera. En effet, Jéroboam a péché et il a entraîné le peuple d’Israël à faire la même chose. » La femme de Jéroboam s’en va et retourne à Tirsa. Au moment où elle passe la porte de sa maison, son fils meurt. On l’enterre, et tout le peuple d’Israël fait les cérémonies de deuil, comme le prophète Ahia l’a annoncé de la part du SEIGNEUR. Les autres actes de Jéroboam sont écrits dans « L’Histoire des rois d’Israël ». Ce livre raconte comment il a fait la guerre et comment il a gouverné. Jéroboam a été roi pendant 22 ans. Quand il rejoint ses ancêtres, son fils Nadab devient roi à sa place. Roboam, fils de Salomon et de Naama l’Ammonite, devient roi de Juda à l’âge de 41 ans. Il est roi à Jérusalem pendant 17 ans. C’est la ville que le SEIGNEUR a choisie dans tout le territoire d’Israël pour y montrer sa présence au milieu de son peuple. Les gens de la tribu de Juda font ce qui est mal aux yeux du SEIGNEUR. Ils provoquent sa colère à cause de leurs péchés encore plus que leurs ancêtres. Eux aussi construisent des lieux sacrés. Ils dressent des pierres et des poteaux sacrés sur toutes les collines où il y a des arbres verts. Il y a même des gens qui se prostituent pour servir des dieux étrangers . Ils imitent les actions horribles des peuples que le SEIGNEUR a chassés pour laisser la place aux Israélites. La cinquième année où Roboam est roi, le roi d’Égypte Chichac vient attaquer Jérusalem. Il vole les trésors du temple du SEIGNEUR et ceux du palais du roi. Il vole tous les boucliers en or que Salomon a fait fabriquer. Alors, pour les remplacer, le roi Roboam fait fabriquer des boucliers en bronze. Il les confie aux chefs des soldats qui gardent l’entrée de son palais. Toutes les fois que le roi va au temple du SEIGNEUR, les soldats portent les boucliers, puis ils les rapportent dans la salle des gardes. Les autres actes de Roboam sont écrits dans « L’Histoire des rois de Juda ». Roboam a sans cesse été en guerre contre Jéroboam. Quand il meurt, on l’enterre avec ses ancêtres dans la « Ville de David ». Sa mère était Ammonite et s’appelait Naama. Son fils Abiam devient roi à sa place.

1 Wa 14:1-31 New International Version (NIV)

At that time Abijah son of Jeroboam became ill, and Jeroboam said to his wife, “Go, disguise yourself, so you won’t be recognized as the wife of Jeroboam. Then go to Shiloh. Ahijah the prophet is there—the one who told me I would be king over this people. Take ten loaves of bread with you, some cakes and a jar of honey, and go to him. He will tell you what will happen to the boy.” So Jeroboam’s wife did what he said and went to Ahijah’s house in Shiloh. Now Ahijah could not see; his sight was gone because of his age. But the LORD had told Ahijah, “Jeroboam’s wife is coming to ask you about her son, for he is ill, and you are to give her such and such an answer. When she arrives, she will pretend to be someone else.” So when Ahijah heard the sound of her footsteps at the door, he said, “Come in, wife of Jeroboam. Why this pretense? I have been sent to you with bad news. Go, tell Jeroboam that this is what the LORD, the God of Israel, says: ‘I raised you up from among the people and appointed you ruler over my people Israel. I tore the kingdom away from the house of David and gave it to you, but you have not been like my servant David, who kept my commands and followed me with all his heart, doing only what was right in my eyes. You have done more evil than all who lived before you. You have made for yourself other gods, idols made of metal; you have aroused my anger and turned your back on me. “ ‘Because of this, I am going to bring disaster on the house of Jeroboam. I will cut off from Jeroboam every last male in Israel—slave or free. I will burn up the house of Jeroboam as one burns dung, until it is all gone. Dogs will eat those belonging to Jeroboam who die in the city, and the birds will feed on those who die in the country. The LORD has spoken!’ “As for you, go back home. When you set foot in your city, the boy will die. All Israel will mourn for him and bury him. He is the only one belonging to Jeroboam who will be buried, because he is the only one in the house of Jeroboam in whom the LORD, the God of Israel, has found anything good. “The LORD will raise up for himself a king over Israel who will cut off the family of Jeroboam. Even now this is beginning to happen. And the LORD will strike Israel, so that it will be like a reed swaying in the water. He will uproot Israel from this good land that he gave to their ancestors and scatter them beyond the Euphrates River, because they aroused the LORD’s anger by making Asherah poles. And he will give Israel up because of the sins Jeroboam has committed and has caused Israel to commit.” Then Jeroboam’s wife got up and left and went to Tirzah. As soon as she stepped over the threshold of the house, the boy died. They buried him, and all Israel mourned for him, as the LORD had said through his servant the prophet Ahijah. The other events of Jeroboam’s reign, his wars and how he ruled, are written in the book of the annals of the kings of Israel. He reigned for twenty-two years and then rested with his ancestors. And Nadab his son succeeded him as king. Rehoboam son of Solomon was king in Judah. He was forty-one years old when he became king, and he reigned seventeen years in Jerusalem, the city the LORD had chosen out of all the tribes of Israel in which to put his Name. His mother’s name was Naamah; she was an Ammonite. Judah did evil in the eyes of the LORD. By the sins they committed they stirred up his jealous anger more than those who were before them had done. They also set up for themselves high places, sacred stones and Asherah poles on every high hill and under every spreading tree. There were even male shrine prostitutes in the land; the people engaged in all the detestable practices of the nations the LORD had driven out before the Israelites. In the fifth year of King Rehoboam, Shishak king of Egypt attacked Jerusalem. He carried off the treasures of the temple of the LORD and the treasures of the royal palace. He took everything, including all the gold shields Solomon had made. So King Rehoboam made bronze shields to replace them and assigned these to the commanders of the guard on duty at the entrance to the royal palace. Whenever the king went to the LORD’s temple, the guards bore the shields, and afterward they returned them to the guardroom. As for the other events of Rehoboam’s reign, and all he did, are they not written in the book of the annals of the kings of Judah? There was continual warfare between Rehoboam and Jeroboam. And Rehoboam rested with his ancestors and was buried with them in the City of David. His mother’s name was Naamah; she was an Ammonite. And Abijah his son succeeded him as king.

1 Wa 14:1-31 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A la même époque, Abiya, fils de Jéroboam, tomba malade. Jéroboam ordonna à sa femme : Viens, déguise-toi pour qu’on ne reconnaisse pas que tu es la reine, puis va à Silo. C’est là qu’habite le prophète Ahiya, celui qui a prédit que je deviendrais roi de ce peuple. Tu emporteras comme cadeaux dix pains, des gâteaux et un pot de miel. Tu iras le trouver et il te fera savoir ce qui arrivera au garçon. La femme de Jéroboam fit comme son mari le lui avait demandé : elle se mit en route pour Silo et se rendit dans la maison d’Ahiya. Ahiya était si âgé que ses yeux s’étaient éteints et qu’il ne voyait plus. Mais l’Eternel lui avait dit : Voici que la femme de Jéroboam va venir te consulter au sujet de son fils parce qu’il est malade. Tu lui parleras de telle et telle manière. Quand elle entrera chez toi, elle essaiera de se faire passer pour quelqu’un d’autre. Dès qu’Ahiya entendit le bruit de ses pas devant la porte, il s’écria : Entre, femme de Jéroboam ! Pourquoi essaies-tu de te faire passer pour une autre ? De toute manière, je suis chargé de te transmettre une parole sévère. Retourne dire à Jéroboam : « Voici ce que te déclare l’Eternel, le Dieu d’Israël : Je t’ai mis en honneur au sein de ton peuple et je t’ai établi chef de mon peuple Israël. J’ai arraché le royaume à la dynastie de David pour te le donner. Mais tu n’as pas imité mon serviteur David qui a obéi à mes commandements et m’a suivi de tout son cœur pour faire uniquement ce que je considère comme juste. Tu as agi encore plus mal que tous tes prédécesseurs : tu es allé fabriquer d’autres dieux, des idoles de métal fondu ; tu m’as ainsi irrité et tu m’as tourné le dos. C’est pourquoi je vais faire venir le malheur sur ta famille : j’en exterminerai tous les hommes, qu’ils soient esclaves ou hommes libres, je balaierai tous tes descendants, comme on balaie les ordures jusqu’à ce qu’il n’en reste plus rien. Ceux d’entre eux qui mourront dans la ville seront mangés par les chiens et ceux qui mourront dans la campagne seront déchiquetés par les rapaces. » Voilà ce que l’Eternel a déclaré. Quant à toi, va, rentre chez toi. Dès que tu mettras le pied dans la ville, ton enfant mourra. Tout Israël prendra le deuil pour lui et on l’enterrera ; c’est le seul descendant de Jéroboam qui sera déposé dans une tombe parce qu’il est le seul membre de sa famille en qui l’Eternel, le Dieu d’Israël, ait trouvé quelque chose de bon. Par la suite, l’Eternel établira pour lui-même un nouveau roi sur Israël qui exterminera la famille de Jéroboam. Ce jour viendra. Que dis-je : il est déjà là. L’Eternel frappera les gens d’Israël qui ressembleront aux roseaux agités dans les eaux. Il arrachera Israël de ce bon pays qu’il a donné à leurs ancêtres et il les dispersera de l’autre côté de l’Euphrate, parce qu’ils ont provoqué sa colère en fabriquant des poteaux sacrés dédiés à la déesse Ashéra. L’Eternel les abandonnera à cause des péchés que Jéroboam a commis et à cause de ceux dans lesquels il a entraîné le peuple. La femme de Jéroboam se mit en route pour regagner Tirtsa. Au moment où elle franchissait le seuil de sa maison, son garçon mourut. On l’enterra et tout Israël prit le deuil pour lui, comme l’Eternel l’avait annoncé par l’intermédiaire de son serviteur le prophète Ahiya. Les autres faits et gestes de Jéroboam, ses guerres et les événements de son règne, sont consignés dans le livre des Annales des rois d’Israël. Après vingt-deux ans de règne, il rejoignit ses ancêtres décédés et son fils Nadab lui succéda sur le trône. Roboam, le fils de Salomon, régna sur Juda ; il avait quarante et un ans à son avènement et il régna dix-sept ans à Jérusalem, la ville que l’Eternel avait choisie parmi toutes les tribus d’Israël pour y établir sa présence. Sa mère était une Ammonite nommée Naama. Les gens de Juda firent ce que l’Eternel considère comme mal ; par les péchés qu’ils commirent, ils provoquèrent la colère de son amour bafoué plus que ne l’avaient jamais fait leurs ancêtres. Eux aussi, ils se construisirent des hauts lieux et ils dressèrent des stèles et des poteaux pour la déesse Ashéra sur toute colline élevée, sous les arbres verdoyants qui y poussaient. Il y eut même, dans le pays, des hommes et des femmes se livrant à la prostitution sacrée. Le peuple reprit toutes les pratiques abominables des peuples que l’Eternel avait dépossédés en faveur des Israélites. La cinquième année du règne de Roboam, Shishaq, roi d’Egypte, vint attaquer Jérusalem. Il s’empara des trésors du temple de l’Eternel et de ceux du palais royal. Il prit absolument tout, notamment tous les boucliers d’or que Salomon avait fait faire. Le roi Roboam fit faire des boucliers de bronze pour les remplacer et les confia aux chefs des gardes chargés de surveiller l’entrée du palais royal. Chaque fois que le roi se rendait au temple de l’Eternel, les gardes les enlevaient, puis ils les replaçaient dans la salle du corps de garde. Les autres faits et gestes de Roboam et toutes ses réalisations sont cités dans le livre des Annales des rois de Juda. Roboam et Jéroboam furent tout le temps en guerre l’un contre l’autre. Quand Roboam rejoignit ses ancêtres décédés, il fut enterré dans leur tombeau dans la Cité de David. Sa mère était une Ammonite du nom de Naama. Son fils Abiyam lui succéda sur le trône.