Logo Aplikasyon Bib
Chache Icon

Sòm Yo 97

97
1SENYÈ a renye, kite latè rejwi!
Kite tout #És 42:10-12 lil yo fè kè kontan!
2Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li.
# Sòm 89:14 Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.
3Se #Mal 4:1 dife ki ale devan L pou brile tout
advèsè Li yo toupatou.
4 # Egz 19:16 Loray Li yo klere tout mond lan.
Latè wè e li tranble.
5Mòn yo #Sòm 46:6 fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a,
devan prezans SENYÈ tout latè a.
6 # Sòm 19:1 Syèl yo deklare ladwati Li e tout pèp yo te wè glwa Li.
7Kite tout sila ki sèvi limaj taye yo vin wont,
ki vin ògeye sou zafè #Sòm 106:36zidòl yo.
Adore Li, tout dye yo.
8Sion te tande sa e #Sòm 48:11 te rejwi.
Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.
9Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè.
Ou leve #Sòm 83:18 pi wo anpil pase tout dye yo.
10 # Sòm 34:14 Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!
Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.
Li delivre yo nan men a mechan yo.
11Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo,
ak #Sòm 64:10 kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.
12Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e
bay remèsiman a non sen Li an.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 97: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte