Logo Aplikasyon Bib
Chache Icon

Sòm Yo 93

93
1SENYÈ a renye!
Li abiye an majeste!
SENYÈ a te abiye Li ak fòs.
Anverite, mond lan etabli byen solid.
Li pa ebranle menm.
2Twòn Ou etabli depi tan ansyen an.
Ou la depi nan etènite.
3Flèv yo te leve, O SENYÈ,
Flèv yo te leve vwa yo, flèv yo te leve gwo vag frapan yo.
4Plis pase bri a anpil dlo, pase gwo vag lanmè debòde,
SENYÈ anwo a pwisan.
5 # Sòm 19:7 Regleman Ou yo kanpe nèt;
Sentete byen bèl lakay Ou a
O SENYÈ, jis pou tout tan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 93: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte