Sòm Yo 83
83
Yon Chan. Yon Sòm Asaph
1O Bondye, #Sòm 28:1 pa rete an silans.
Pa fè silans, O Bondye.
Pa rete trankil.
2Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen.
Sila ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo.
3Yo fè plan malen kont pèp Ou a.
Yo fè konplo ansanm kont sila ki se trezò Ou.
4Yo te di: “Vini, #Est 3:6 annou disparèt yo nèt kon nasyon,
pou non Israël la pa sonje ankò menm.”
5Paske yo te #Sòm 2:2 fè konplo ansanm ak yon sèl panse.
Kont Ou menm, yo fè yon akò.
6Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak Agarenyen yo,
7Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;
8Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo,
yo te prete lamen a #Det 2:9 pitit a Lot yo. Tan
9Aji avèk yo #Jij 7:1-24 tankou Madian,
tankou avèk Sisera ak Jabin nan ravin Kison an!
10Ki te fin detwi nan En-Dor,
ki te #So 1:17 vin tankou fimye sou latè.
11Fè tout chèf yo tankou Oreb avèk Zeeb
e tout prens yo tankou #Jij 8:12-21 Zébach avèk Tsalmunna,
12Ki te di: #II Kwo 20:11 “Annou vin posede patiraj Bondye yo pou kont nou.”
13O Bondye mwen, fè yo tankou pousyè toubiyon!
Tankou pay devan van!
14Tankou #És 9:18 dife ki brile forè a, ak flanm ki
limen nan tout mòn nan pou yo brile nèt.
15Konsa, kouri dèyè yo #Job 9:17 avèk tanpèt Ou
e teworize yo ak gwo siklòn Ou.
16 #
Job 10:15
Plen figi yo ak gwo wont,
pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ.
17Kite yo vin #Sòm 35:4 wont e dekouraje jis pou tout tan.
Wi, kite yo imilye e peri,
18pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl
ki pote non “Bondye”, #Sòm 9:2 Pi Wo sou tout tè a.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 83: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith