Sòm Yo 81
81
Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph
1Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!
Rele fò ak jwa a #Sòm 84:8Bondye a Jacob la!
2Leve yon chan, bat #Egz 15:20 tanbouren an,
gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.
3Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan,
sou plèn lin nan, nan jou #Lev 23:24fèt nou an.
4Paske se yon règleman Israël,
yon òdonans a Bondye Jacob la.
5Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph
lè li te #Egz 11:4 ale toupatou nan peyi Égypte la.
Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.
6Mwen te retire fado a sou zepòl li.
Men li yo te vin lib panyen an.
7Ou te #Egz 2:23 rele nan twoub la e Mwen
te fè ou sekou.
Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a.
Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan
8Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou.
O Israël, si ou #Sòm 95:7 ta koute Mwen!
9Pa kite okenn dye etranje rete pami nou.
Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.
10 #
Egz 20:2
Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an,
ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.
Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.
11Men pèp Mwen an #Det 32:15 pa t koute vwa M.
Ni Israël pa t obeyi Mwen.
12Akoz sa, Mwen te #Job 8:4 lage yo a kè di yo,
pou mache nan pwòp manèv yo.
13O ke pèp Mwen an ta koute Mwen,
ke Israël ta #Sòm 128:1 mache nan vwa Mwen yo!
14Mwen ta #Sòm 18:47 soumèt lènmi yo byen vit
e ta vire men m kont advèsè yo.
15 #
Wo 1:30
Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm
e pinisyon yo ta pou tout tan.
16Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk #Det 32:14 pi bon kalite ble a.
Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 81: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith