Sòm Yo 77
77
Pou direktè koral la: pou Jeduthun. Yon Sòm Asaph
1Vwa m leve vè Bondye!
Mwen #Sòm 3:4 kriye pou sekou.
Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.
2Nan #Sòm 50:15 jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a.
Nan nwit, mwen te lonje men m san poze.
Nanm mwen te refize rekonfòte.
3Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble.
Mwen fè soupi; #Sòm 61:2lespri m febli nèt.
4Ou te kenbe zye mwen yo louvri.
Mwen tèlman twouble ke m #Sòm 39:9 pa kab pale.
5Mwen te reflechi sou #Det 32:7 jou lansyen yo, ane lontan yo.
6Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit.
Mwen #Sòm 4:4 reflechi tout tan nan kè mwen.
Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:
7“Èske Senyè a va rejte nou pou tout tan?
Èske Li #Sòm 85:1-5p ap janm kite favè Li vini sou nou ankò?
8Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan?
Èske #II Pi 3:9pwomès Li yo fini nèt?
9Èske Bondye te bliye gras Li,
Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?” Tan
10Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m panse
#
Sòm 44:2-3
men dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”
11Mwen va sonje #Sòm 105:5 zèv SENYÈ yo.
Anverite, Mwen va sonje mèvèy Ou yo nan tan ansyen yo.
12Mwen va #Sòm 145:5 reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo,
pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.
13Chemen Ou a, O Bondye, se apa.
#
Egz 15:11
Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?
14Ou se Bondye ki fè zèv mèvèy.
Ou te fè pwisans Ou rekonèt pami pèp yo.
15Avèk pwòp pouvwa Ou, Ou te #Egz 6:6 rachte pèp Ou a,
fis a Jacob yo avèk Joseph. Tan
16 #
Egz 14:21
Dlo yo te wè Ou, O Bondye.
Dlo yo te wè Ou.
Yo te nan gran doulè.
Anplis, fon yo te boulvèse.
17 #
Jij 5:4
Nwaj yo te vide gwo dlo.
Syèl yo te bay gwo kout loray.
Flèch Ou yo te lime pa isit e pa lòtbò.
18 #
Sòm 18:13
Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an.
Loray yo te klere tout tè a.
Mond lan te tranble.
Li te souke.
19 #
És 51:10
Chemen Ou an te nan lanmè a,
e vwa Ou nan dlo pwisan yo.
Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
20Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann,
pa men #Egz 6:26Moïse avèk Aaron.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 77: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith