Logo Aplikasyon Bib
Chache Icon

Sòm Yo 121

121
Yon Sòm pou monte vè tanp lan
1Mwen leve zye m vè #Sòm 87:1mòn yo.
Se kibò sekou mwen va sòti?
2Sekou m sòti nan SENYÈ a,
ki #Sòm 115:15te fè syèl la ak tè a.
3Li #I Sam 2:9p ap kite pye ou chape.
Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.
4Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
5SENYÈ a se #Sòm 91:4gadyen ou.
SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.
6 # Sòm 91:5 Solèy p ap frape ou lajounen,
ni lalin pandan lannwit.
7SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.
Li va kenbe nanm ou.
8Li va #Det 28:6pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,
depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 121: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte