Sòm Yo 119
119
ALÈPH.
1A la beni se sila ak chemen ki #Sòm 128:1san fot yo,
ki mache nan lalwa SENYÈ a.
2A la beni se sila ki kenbe temwayaj Li yo,
Ki chache Li #Det 6:5ak tout kè yo.
3Ki #I Jn 3:9pa fè okenn inikite. Yo mache nan chemen Li yo.
4Ou te #Det 4:13òdone règleman Ou yo, pou nou ta kenbe yo ak dilijans.
5O ke chemen mwen yo kapab vin etabli
pou kenbe règleman Ou yo!
6Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade
kòmandman Ou yo.
7Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat,
lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.
8Mwen va kenbe règleman Ou yo.
Pa abandone m nèt!
BETH
9Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?
#
I Wa 2:4
Nan kenbe li selon pawòl Ou.
10Ak #II Kwo 15:15tout kè mwen, mwen te chache Ou.
Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
11Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,
pou m pa t peche kont Ou.
12Beni se Ou menm SENYÈ a.
Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
13Avèk lèv mwen, mwen te pale selon
tout òdonans bouch Ou yo.
14Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo,
konsi se nan tout richès yo.
15Mwen va reflechi sou règleman Ou yo,
e okipe chemen Ou yo.
16Mwen va #Sòm 1:2rejwi nan lòd Ou yo.
Mwen p ap bliye pawòl Ou.
GIMEL
17Aji ak gras avèk sèvitè Ou a,
pou m kab viv e kenbe pawòl Ou.
18Ouvri zye m pou m kab wè bèl bagay nan lalwa Ou yo.
19Mwen se yon #Jen 47:9etranje sou latè.
Pa kache kòmandman Ou yo de mwen.
20Nanm mwen kraze ak anvi pou òdonans Ou yo tout tan.
21Ou repwoche ògeye yo, moun madichonnen #Det 27:26yo,
k ap egare kite kòmandman Ou yo.
22Retire repwòch ak mepri a sou mwen,
paske mwen obsève temwayaj Ou yo.
23Malgre prens yo vin chita pou pale kont mwen,
Sèvitè Ou va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
24Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo.
DALETH
25Nanm mwen kole rèd nan pousyè a.
Fè m leve selon pawòl Ou.
26Mwen te pale sou chemen mwen yo,
e Ou te reponn mwen.
#
Sòm 25:4
Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
27Fè m konprann chemen òdonans Ou yo,
pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.
28 #
Sòm 22:14
Nanm mwen ap kriye akoz doulè.
Ban m fòs selon pawòl Ou a.
29Retire sou mwen fo chemen an e
ban mwen gras nan lalwa Ou a.
30Mwen te chwazi chemen fidèl Ou a.
Mwen te mete òdonans Ou yo devan m.
31Mwen #Det 11:22kole rèd de temwayaj Ou yo.
O SENYÈ, pa fè m desi.
32Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo,
paske Ou va fè kè m vin grandi.
HE
33Enstwi mwen, O SENYÈ, nan chemen règleman Ou yo
e mwen va obsève li jiska lafen.
34Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou.
Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.
35Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo,
paske sa fè kè m kontan.
36Enkline kè m a temwayaj Ou yo,
e pa nan ranmase richès malonèt.
37Vire zye m pou yo pa gade vanite e
fè m reprann mwen nan chemen Ou yo.
38 #
II Sam 7:25
Etabli pawòl Ou a Sèvitè Ou a,
kon sila ki gen lakrent Ou.
39Detounen lwen m repwòch Ou ke mwen
krent anpil, paske òdonans Ou yo bon.
40Gade byen, mwen gen anpil anvi pou òdonans Ou yo!
Fè m remonte nan ladwati Ou.
VAV
41Anplis, ke lanmou dous Ou a kapab rive kote mwen,
O SENYÈ, sali Ou a selon pawòl Ou.
42Pou m kab genyen yon repons pou sila ki repwoche m nan,
paske mwen mete konfyans mwen nan pawòl Ou.
43Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt,
Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.
44Konsa, mwen va kenbe lalwa Ou tout tan nèt,
pou tout tan e pou tout tan.
45Epi mwen va #Pwov 4:12mache nan libète,
paske se òdonans Ou ke m chache.
46Anplis, mwen va pale sou temwayaj Ou yo
#
Mat 10:18
devan wa yo, e mwen p ap desi.
47Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo,
ke mwen tèlman renmen.
48Mwen va lonje men m vè kòmandman Ou yo
ke m tèlman renmen.
Mwen va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
ZAYIN
49Sonje pawòl a sèvitè Ou a.
Se nan li Ou te fè m gen espwa a.
50Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an,
paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.
51Moun awogan yo meprize m nèt,
men mwen pa #Job 23:11vire kite lalwa Ou.
52Mwen te sonje òdonans Ou yo depi nan tan ansyen, O SENYÈ,
e yo rekonfòte mwen.
53Chalè endiyasyon gen tan pran m akoz mechan yo,
ki #Sòm 89:30abandone lalwa Ou.
54Règleman Ou yo se chanson mwen
nan kay kote m #Jen 47:9demere.
55O SENYÈ, Mwen sonje non Ou nan lannwit e
mwen kenbe lalwa Ou.
56Se sa ki chemen m,
mwen kenbe tout òdonans Ou yo.
HETH
57Se SENYÈ a ki pòsyon mwen.
Mwen te fè pwomès pou #Det 33:9kenbe pawòl Ou yo.
58Mwen te #I Wa 13:6chache favè Ou ak tout kè m.
Fè m gras selon pawòl Ou.
59Mwen te #Mc 14:72konsidere chemen mwen yo,
e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.
60Mwen te fè vit e mwen pa t fè reta
pou obeyi kòmandman Ou yo.
61 #
Job 36:8
Kòd a mechan yo te antoure m,
men mwen pa t bliye lalwa Ou.
62A minwi, mwen va leve bay Ou remèsiman,
akoz òdonans dwat Ou yo.
63Mwen se zanmi parèy a tout sila ki
gen lakrent Ou yo ak sila ki swiv règleman Ou yo.
64Latè ranpli ak lanmou dous Ou a, O SENYÈ.
Enstwi m règleman Ou yo.
TETH
65Ou te aji ak sèvitè Ou a, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
66Enstwi mwen pou m #Phm 1:9sèvi bon jijman ak konesans,
Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.
67Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare,
men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.
68Ou bon e Ou #Det 8:16 fè sa ki bon.
Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
69Awogan yo te fòje yon manti kont mwen.
Avèk tout kè m, mwen va obsève tout òdonans Ou yo.
70Kè yo rèd, #Det 32:15kouvri ak grès, men mwen pran plezi nan lalwa Ou.
71Li bon pou mwen ke m te aflije,
pou m te kab aprann règleman Ou yo.
72Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen,
pase pyès lò ak ajan pa milye.
YODH
73Men Ou te fè m e te fòme mwen.
Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.
74Ke sila ki krent Ou yo kapab wè m e fè kè kontan.
Paske mwen mete espwa m pawòl Ou yo.
75Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat,
ke se nan nan #Eb 12:10fidelite, Ou te aflije mwen.
76O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen,
Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.
77Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv,
paske lalwa Ou se plezi mwen.
78Ke #Jr 50:32awogan yo kapab vin desi, paske
yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti.
Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.
79Ke sila ki krent Ou yo kapab vire kote mwen.
Yo va konnen règleman Ou yo.
80Ke kè m kapab san tò nan règleman Ou yo,
pou m pa vin desi.
KAPH
81Nanm mwen fè gwo anvi pou sali Ou.
Se pawòl Ou m ap tann.
82Zye m vin ba ak anvi pawòl Ou,
pandan m ap di: “Kilè W ap vin konsole mwen?”
83Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen,
Mwen pa bliye règleman Ou yo.
84Konbyen jou sèvitè Ou gen?
Se kilè Ou va #Rev 6:10pase jijman sou sila ki pèsekite mwen yo?
85Awogan yo fin fouye fòs yo pou mwen,
Sila ki pa an akò ak lalwa Ou yo.
86Tout kòmandman Ou yo fidèl.
Se ak manti yo te pèsekite mwen.
Fè m sekou!
87Yo te prèske fin detwi m sou latè,
Men pou mwen, mwen #És 58:2pa t kite
òdonans Ou yo.
88Fè m reprann mwen selon lanmou dous Ou a,
Pou m kab kenbe temwayaj a bouch Ou yo.
LAMEDH
89Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin
etabli nan syèl la.
90Fidelite Ou pandan tout jenerasyon yo.
Ou te etabli tè a e li vin kanpe nèt.
91Yo kanpe nan jou sa a selon #Jr 31:35lòd Ou.
Paske tout bagay se sèvitè Ou.
92Si lalwa Ou pa t plezi mwen,
mwen t ap gen tan peri nan mizè mwen an.
93Mwen p ap janm bliye òdonans Ou yo,
Paske se avèk yo menm ke Ou fè m reprann fòs.
94Se pa W mwen ye. Fè m sekou!
Paske mwen te chache òdonans Ou yo.
95Mechan yo ap tann mwen pou detwi m.
Se ak dilijans ke mwen konsidere temwayaj Ou yo.
96Mwen gen tan fin wè lizyè a tout pèfèksyon,
men kòmandman Ou an vrèman vast.
MEM
97O! A la mwen renmen lalwa Ou a!
Se sou li ke m #Sòm 1:2reflechi tout lajounen.
98 #
Det 4:6
Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo,
Paske yo toujou pou mwen.
99Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo,
Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
100Mwen gen konprann plis pase granmoun yo,
akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.
101Mwen te #Pwov 1:15anpeche pye m antre
nan tout wout ki gen mechanste,
Pou m te kab kenbe pawòl Ou.
102Mwen pa t #Det 17:20vire kite règleman Ou yo,
paske se Ou menm ki te enstwi m.
103A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen!
Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!
104Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann.
Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo.
NUN
105Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e
yon limyè nan pa pye mwen.
106Mwen te sèmante e mwen va konfime sa,
Ke m va kenbe òdonans Ou yo.
107Mwen vin aflije anpil, anpil; fè m reprann fòs mwen,
O SENYÈ, selon pawòl Ou.
108O aksepte #Os 14:2ofrann bòn volonte a bouch mwen an,
O SENYÈ, enstwi mwen nan òdonans Ou yo.
109 #
Jij 12:3
Lavi m tout tan nan men m,
malgre, mwen pa bliye lalwa Ou a.
110Mechan yo te poze yon pèlen pou mwen,
malgre, mwen pa t varye soti nan òdonans Ou yo.
111Mwen te #Det 33:4eritye temwayaj Ou yo pou tout tan,
paske se yo ki lajwa kè m.
112Mwen te enkline kè m pou fè règleman Ou yo
jis pou tout tan, jiska lafen.
SAMEKH
113Mwen rayi moun ki #I Wa 18:21gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.
114Ou se kote a pou m kache a ak #Sòm 84:9boukliye mwen,
Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.
115Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv
kòmandman a Bondye mwen yo.
116Soutni mwen selon pawòl Ou, pou m kab viv.
Pa kite mwen vin wont nan espwa mwen.
117Kenbe mwen pou m kab jwenn sekou, pou m gen
konsiderasyon pou règleman Ou yo tout tan.
118Ou te rejte tout sila ki te egare kite règleman Ou yo,
paske sediksyon yo a pa reyisi.
119Ou te fè tout mechan sou latè yo disparèt tankou #És 1:22-25kim initil.
Pou sa, mwen renmen temwayaj Ou yo.
120Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo.
AYIN
121Mwen te #II Sam 8:15fè sa ki jis e dwat.
Pa kite mwen nan men opresè mwen yo.
122Aji kon #Job 17:3soutyèn pou bonte a sèvitè Ou a.
Pa kite awogan yo oprime mwen.
123Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou,
avèk pawòl ladwati Ou.
124Aji avèk sèvitè Ou #Sòm 51:1selon lanmou dous Ou a
e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
125Mwen se sèvitè Ou. Fè m konprann
pou m konnen temwayaj Ou yo.
126Se lè pou Ou #Jr 18:23aji, SENYÈ,
paske yo te vyole lalwa Ou a.
127Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo,
plis pase lò, wi plis pase lò fen.
128Pou sa, mwen konsidere byen tout
òdonans Ou yo selon tout bagay.
Mwen rayi tout sa ki fo.
PE
129Temwayaj Ou yo mèvèye.
Akoz sa, nanm mwen toujou swiv yo.
130Lè pawòl #Pwov 6:23Ou antre, li bay limyè.
Li bay bon konprann a sila ki senp yo.
131Mwen te louvri bouch mwen byen laj e
te rale souf mwen byen vit.
Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.
132Vire kote mwen e fè m gras,
menm jan ke Ou konn fè ak sila ki renmen non Ou yo.
133Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou,
e pa kite inikite vin domine sou mwen.
134Rachte mwen anba opresyon a lòm,
pou m kab kenbe òdonans Ou yo.
135 #
Nonb 6:25
Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou a,
e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
136Se #Jr 9:1-18rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m,
akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a.
TZADHE
137Ou#Esd 9:15dwat, O SENYÈ e jis se jijman Ou yo.
138Ou te kòmande tout temwayaj Ou yo ak ladwati.
Yo fidèl nèt.
139Zèl mwen fin manje m nèt,
akoz advèsè mwen yo te bliye pawòl Ou yo.
140Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.
141Mwen vin piti e meprize.
Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.
142Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.
143Twoub ak doulè gen tan rive sou mwen.
Malgre kòmandman Ou yo se plezi mwen.
144Temwayaj Ou yo dwat jis pou tout tan.
Ban mwen bon konprann pou m kab viv.
QOPH
145Mwen te kriye ak tout kè mwen.
Reponn mwen, O SENYÈ!
Mwen va swiv tout règleman Ou yo.
146Mwen te kriye a Ou menm. Sove mwen!
Mwen va obeyi tout regleman Ou yo.
147Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou.
Mwen ap tann pawòl Ou yo.
148Zye m rete ovèt pandan vè lanwit la,
konsa, pou m kab reflechi san rete sou pawòl Ou.
149Tande vwa m selon lanmou dous Ou a.
Fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon règleman Ou yo.
150Sila ki swiv mechanste yo apwoche. Yo lwen lalwa Ou a.
151Ou toupre, O SENYÈ e tout kòmandman Ou yo se verite.
152Depi nan tan ansyen yo, mwen te #Sòm 119:125konnen de temwayaj Ou yo,
ke Ou te etabli yo jis pou tout tan yo.
RESH
153 #
Lam 5:1
Gade sou afliksyon mwen an e delivre m,
paske mwen pa bliye lalwa Ou a.
154 #
I Sam 24:15
Plede kòz mwen e rachte mwen!
Fè m reprann fòs mwen selon pawòl Ou.
155Sali a #Job 5:4lwen mechan yo, paske yo pa chache règleman pa W yo.
156 #
II Sam 24:14
Gran se mizerikòd Ou yo, O SENYÈ.
Fè m reprann fòs mwen selon òdonans Ou yo.
157Anpil se pèsekitè mwen yo, ak advèsè mwen yo.
Malgre mwen pa vire kite temwayaj Ou yo.
158Mwen gade #És 21:2moun trèt yo e mwen rayi yo nèt,
akoz yo pa kenbe pawòl Ou.
159Konsidere jan mwen renmen òdonans Ou yo.
Fè m reprann fòs, O SENYÈ, selon lanmou dous Ou a.
160Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e
tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan.
SIN AK SHIN
161 #
I Sam 24:11
Prens yo pèsekite mwen san koz,
men kè m kanpe etonnen devan pawòl Ou yo.
162Mwen rejwi nan pawòl Ou kon
yon moun ki #I Sam 30:16jwenn gwo piyaj.
163Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo.
Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.
164Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou,
akoz òdonans dwat Ou yo.
165Sila ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè.
Pa gen anyen pou ta fè yo chite.
166Mwen espere #Jen 49:18gen Sali Ou, O SENYÈ.
Mwen te fè kòmandman Ou yo.
167Nanm mwen kenbe temwayaj Ou yo.
Mwen renmen yo anpil anpil.
168Mwen kenbe òdonans Ou yo avèk temwayaj Ou yo,
Paske se #Job 24:23tout chemen mwen yo ki devan Ou.
TAV
169Kite kri mwen vini devan Ou, O SENYÈ.
Ban mwen konesans selon pawòl Ou.
170Kite siplikasyon mwen yo parèt devan Ou.
#
Sòm 22:20
Delivre mwen selon pawòl Ou.
171Kite lèv mwen eksprime lwanj,
paske Ou enstwi mwen nan règleman Ou yo.
172Kite lang mwen chante de pawòl Ou,
paske tout kòmandman Ou yo dwat.
173Kite men Ou parèt pou fè m sekou,
paske mwen te #Jos 24:22chwazi òdonans Ou yo.
174Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ.
Lalwa Ou se gran plezi mwen.
175Kite #És 55:3nanm mwen viv pou l kapab louwe Ou.
Kite òdonans Ou yo ban m sekou.
176Mwen te #És 53:6vin egare tankou yon mouton pèdi.
Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 119: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith