Logo Aplikasyon Bib
Chache Icon

Sòm Yo 112

112
1Louwe SENYÈ a!
A la beni nonm #Sòm 128:1 ki krent SENYÈ a beni!
Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
2Desandan li yo va pwisan sou latè.
Jenerasyon ladwati a va beni.
3Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.
Ladwati li dire pou tout tan.
4Limyè vin leve nan tenèb #Job 11:17pou moun ladwati a;
Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.
5L ale byen pou nonm nan ki #Sòm 37:21gen mizerikòd e ki prete;
Li va prezève koz li a nan jijman an.
6Paske li p ap janm ebranle.
Moun #Sòm 15:5dwat la va sonje jis pou tout tan.
7Li p ap krent move nouvèl.
Kè Li fèm #Sòm 56:4 ak konfyans nan SENYÈ a.
8 # Eb 13:9 Kè li kanpe janm.
Li pa pè anyen, jiskaske denyè moman an lè
li gade ak kè kontan advèsè li yo.
9Li #II Kor 9:9te bay ak jenewozite a pòv yo.
Ladwati li dire jis pou tout tan.
Kòn li va egzalte nan lonè.
10Mechan an va wè l e l ap vekse nèt.
Li va #Sòm 35:16manje dan l e vin fonn pou l disparèt.
Dezi a mechan an va peri.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 112: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte