Pwovèb Yo 3
3
1Fis mwen an, #Sòm 119:61pa bliye enstriksyon mwen an,
men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
2paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo
va vin ogmante sou ou.
3Pa kite #II Sam 15:20dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
4Konsa, ou va twouve favè avèk #Sòm 111:10bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
5 #
Sòm 37:3-5
Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va #És 45:13fè pa ou yo vin dwat.
7 #
Wo 12:16
Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
8Li va sèvi kon yon #Pwov 4:22gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
9Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak #Egz 23:19 premye pati nan tout prodwi ou,
10pou #Det 28:8depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
11 #
Job 5:17
Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12Paske #Rev 3:19sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
13 #
Pwov 8:32-34
A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14Paske #Job 28:15-19avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15Li #Job 28:18pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se #Pwov 8:18 richès ak lonè.
17 #
Mat 11:29
Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18Li se yon #Jen 2:9pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
19SENYÈ a #Sòm 104:24ak sajès te fonde latè a;
ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
20Ak konesans Li, #Jen 7:11fon yo te vin ouvri,
e syèl yo te vin degoute lawouze.
21Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
kenbe bon sajès ak bon konprann.
22Konsa yo va #Det 32:47lavi pou nanm ou
ak dekorasyon pou kou ou.
23Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,
e pye ou p ap #Sòm 91:12 chape.
24Lè ou #Job 11:9kouche ou p ap pè;
kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
25Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,
ni atak a mechan an lè l vini.
26Paske Bondye va konfyans ou,
e va #I Sam 2:9veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
27 #
Wo 13:7
Pa refize fè byen a sila ki merite l yo,
si se nan kapasite ou pou fè l.
28Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”,
oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
29 #
Pwov 6:14
Pa kalkile mal kont vwazen ou
pandan l ap viv an sekirite akote ou.
30Pa fè kont ak yon nonm san koz,
depi li pa konn fè ou tò.
31 #
Sòm 37:1
Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,
ni pa chwazi chemen li yo.
32Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a;
men SENYÈ a #Job 29:4 vin toupre a sila yo ki dwat yo.
33Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo,
men Li #Job 8:6 beni abitasyon a moun dwat yo.
34 #
Jc 4:6
Li moke moun k ap moke,
men Li bay gras a sila ki aflije yo.
35 #
Dan 12:3
Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj,
men moun plen foli yo va dezonere.
Chwazi Kounye ya:
Pwovèb Yo 3: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith

:
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith