Jérémie 20:8-9

Jérémie 20:8-9 BSA

Paske chak fwa ke m pale, mwen kriye fò; mwen pwoklame vyolans ak destriksyon! Konsa, pawòl SENYÈ a te fè m resevwa repwòch. Mwen pase nan rizib tout lajounen. Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò, ni pale ankò nan non Li”, alò, anndan kè mwen vin kon yon dife k ap brile ki fèmen nan zo m. Mwen bouke kenbe l anndan m, mwen pa kapab.