Ésaïe 40:12-14
Ésaïe 40:12-14 BSA
Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L? Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri; ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi, ki te peze mòn yo nan gwo balans, e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a? Se kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a, oswa kòn enstwi Li pou l konseye L? Ak kilès Li te konsilte, e se kilès ki te bay Li bon konprann? Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la, ki te enstwi Li nan konesans, e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?

