Amos 9:13-14
Amos 9:13-14 BSA
“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a, “lè sila k ap raboure a va depase sila k ap rekòlte a, e sila k ap foule rezen an va depase sila k ap simen grenn nan; lè mòn yo va degoute diven dous e tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li. Anplis, Mwen va restore pèp Mwen an, Israël, ki an kaptivite a, e yo va rebati vil ki kraze nèt yo pou yo viv ladan yo. Anplis, yo va plante chan rezen yo pou bwè diven yo; epi fè jaden pou manje fwi yo.

