II Pierre 1:3-4
II Pierre 1:3-4 BSA
akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vrè konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.



