Wòm 8:15-18
Wòm 8:15-18 VKF
Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba, Papa.” Sentespri a kominike ak lespri pa nou pou ban nou garanti nou se pitit Bondye. Poutèt nou se pitit Bondye, n ap resevwa pòsyon pa nou nan byen Bondye pwomèt moun pa l yo. L ap ban nou tout sa li gentan bay Jezikris. Si jodi a nou gen pòsyon soufrans pa nou menm jan ak li, n ap gen pòsyon laglwa pa nou avèk li tou. Soufrans n ap andire kounye a pa anyen devan laglwa n ap jwenn pi devan.

