Wòm 15:14-19
Wòm 15:14-19 VKF
Pou mwen menm frè m ak sè m yo, m sèten nou plen ak bòn volonte. Epitou, nou konnen tout sa nou ta dwe konnen. Nou ka bay youn lòt konsèy. Poutan, m ap pran libète nan lèt sa a pou m pale avè nou sou kèk bagay m ta renmen nou sonje. Se bagay nou deja konnen. M ap fè sa paske Bondye, nan gras li, li fè m vin sèvitè Jezikris pami moun ki pa Jwif yo. Li mete m apa pou preche mesaj Levanjil li a. Konsa, moun ki pa Jwif yo ka tounen yon bon ofrann pou Bondye. Epi se Sentespri a ki fè ofrann gen valè nan je Bondye. M fyè pou travay m fè pou Bondye paske m se moun Jezikris. Epi, si m oze pale sou kèlkeswa bagay mwen fè, se sèlman pou m di sa Kris fè avè m kòm enstriman li. Li sèvi avè m pou l fè moun ki pa Jwif yo vin obeyi Bondye. Li fè yon seri bagay ekstrawòdinè ak pawòl ak aksyon mwen pa mwayen pouvwa Sentespri Bondye a ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt.

