Men kijan pou yo envoke l si yo pa kwè nan li? Kòman pou yo rive kwè nan li san yo pa tande l? Kòman pou yo rive tande, si pa gen moun k ap preche? Kòman pou fè gen moun k ap preche, si pèsòn pa voye yo? Dapre sa Pawòl Bondye di: “Ala bèl sa bèl, lè w wè moun k ap pote Levanjil la ap rive!” Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?” Konsa, lafwa vini lè nou tande Bòn Nouvèl la, epi nou tande Bòn Nouvèl la lè yon moun pale nou de Kris la. Men mwen di, “moun Izrayèl yo pa vrèman tande sa, pa vre?” Men wi, yo tande l. Ou konnen sa pòsyon Pawòl Bondye sa a di: “Yo tande vwa a gaye toupatou sou latè, mesaje yo rive tout kote nan lemonn.” Men m ap poze tèt mwen kesyon ankò, “moun pèp Izrayèl la pa t konprann sa, pa vre?” Wi, repons lan nan sa Bondye te gentan di anvan pa mwayen Moyiz: “M ap sèvi ak moun ki pa yon vrè nasyon pou m fè nou vin jalou. M ap sèvi ak moun ki pa gen bon konprann pou m fè nou fache.” Epi Ezayi pran kouraj li ak de men pou l di: “Moun ki jwenn mwen, yo pa t menm ap chache m. M fè menm moun ki pa t ap mande pou mwen konnen m.” Men, sou Izrayèl, Bondye di
Li Wòm 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Wòm 10:14-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo