Wòm 10:13-17
Wòm 10:13-17 VKF
Men sa Bib la di, “Nenpòt moun ki rele nan non Senyè a ap sove.” Men kijan pou yo envoke l si yo pa kwè nan li? Kòman pou yo rive kwè nan li san yo pa tande l? Kòman pou yo rive tande, si pa gen moun k ap preche? Kòman pou fè gen moun k ap preche, si pèsòn pa voye yo? Dapre sa Pawòl Bondye di: “Ala bèl sa bèl, lè w wè moun k ap pote Levanjil la ap rive!” Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?” Konsa, lafwa vini lè nou tande Bòn Nouvèl la, epi nou tande Bòn Nouvèl la lè yon moun pale nou de Kris la.


