Rev 2:1-5
Rev 2:1-5 VKF
“Ekri voye bay zanj legliz Efèz la: Men sa moun ki gen sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k ap mache pami sèt lanp an ò yo, men sa l di. Mwen konnen tout sa w fè, kijan ou travay di. Mwen konnen ou pa kapab sipòte mechan yo. Moun ki di se apot yo ye, poutan se pa vre, ou rive demaske yo, ou jwenn se manti y ap fè. Ou gen bon pèseverans, ou soufri poutèt non mwen epi ou pa janm abandone. Men sa m genyen kont ou, se paske ou pèdi premye amou ou te genyen okòmansman an. Alò, sonje kote w te ye anvan w te tonbe la a. Repanti w epi rekòmanse viv jan w te ye anvan an. Si ou pa fè sa, m ap vini epi m ap retire pye lanp ou a nan plas kote l ye a.

