Evodi, ou menm ak Sentich, m ap egzòte nou pou nou chache gen tèt ansanm nan Senyè a. Ou menm ki se yon konpanyon fidèl pou mwen: M ap mande w pou w ede medam sa yo. Se pa ti travay yo te travay ansanm ak mwen nan anonse Levanjil la, ansanm ak Klèman epi lòt moun yo tou. Non yo tout ekri nan Liv lavi a. Toujou kontan nan Senyè a! M ap repete sa, fè kè nou kontan! Se pou tout moun wè kijan nou se bon moun. Senyè a pa lwen retounen. Pa bay tèt nou pwoblèm pou anyen. Men nan chak sikonstans, fè Bondye konnen sa nou bezwen nan lapriyè pandan n ap di l mèsi. Lè sa a, lapè Bondye ki depase tout sa yon moun kapab konprann va kenbe kè nou ak panse nou nan Jezikris.
Li Fil 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Fil 4:2-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo