Frè m ak sè byeneme m yo, mwen anvi wè nou anpil. Nou fè kè mwen kontan epi mwen fyè de nou. Poutèt sa, byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a. Evodi, ou menm ak Sentich, m ap egzòte nou pou nou chache gen tèt ansanm nan Senyè a. Ou menm ki se yon konpanyon fidèl pou mwen: M ap mande w pou w ede medam sa yo. Se pa ti travay yo te travay ansanm ak mwen nan anonse Levanjil la, ansanm ak Klèman epi lòt moun yo tou. Non yo tout ekri nan Liv lavi a. Toujou kontan nan Senyè a! M ap repete sa, fè kè nou kontan! Se pou tout moun wè kijan nou se bon moun. Senyè a pa lwen retounen.
Li Fil 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Fil 4:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo