Fil 3:7-9

Fil 3:7-9 VKF

Poutan sa ki te yon avantaj pou mwen lontan, jodi a mwen konsidere yo tankou bagay ki san valè poutèt Kris. Anplis pa gen anyen ki gen valè pou mwen lè m pran konpare yo ak enpòtans relasyon mwen genyen ak Jezi Senyè a. Mwen mete tout bagay sou kote epi mwen konsidere yo tankou fatra pou m ka genyen Kris. Mwen vle pou Kris nèt. Se Kris ki fè mwen dwat devan Bondye, men sa pa soti nan obeyisans ak sa lalwa mande, men nan fidelite Kris. Mwen vin yon moun ki dwat devan Bondye pa mwayen lafwa mwen nan Kris la.

Li Fil 3