Si nou vle ankouraje m nan Kris la, si nou vle fè m santi m byen, si nou vle fè yon sèl ak mwen nan menm Espri a, si nou vle montre afeksyon ak konpasyon youn pou lòt, n ap fè m santi m kontan anpil si nou gen menm objektif, menm lanmou, si n ap viv nan amoni youn ak lòt, si nou youn ini ak lòt toutbon vre. Pa fè anyen ak lògèy nan fè tèt nou pase pou pi bon pase lòt moun. Men se pou imilite nou fè n konsidere lòt moun pi enpòtan pase nou. Okenn moun pa ta dwe gade enterè pa l sèlman, men nou ta dwe panse ak enterè lòt moun tou. Men sa nou ta dwe genyen kòm objektif: Se pou nou sanble ak Kris nan jan n ap panse. Li menm ak Bondye yo egalego, poutan, li pa t panse gade egalite li ak Bondye a kòm yon avantaj pou l ta chache kenbe ak tout fòs li. Okontrè, li chwazi mete egalite sa a sou kote, san moun pa fòse l, li fè tèt li tounen yon sèvitè, li vin tankou tout moun. Lè l fin fè tèt li tounen yon moun menm jan ak tout moun. Li chwazi soumèt li anba otorite Bondye, li obeyi Bondye jouk nan lanmò li. Se pa nenpòt kalite lanmò, men se te lanmò sou yon kwa.
Li Fil 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Fil 2:1-8
3 days
Maybe God isn’t who you think He is. Maybe He’s much better. This devotional will help identify some Christian clichés we’ve all heard that are actually unbiblical lies. These clichés may seem innocent, but are harmful to our faith and keep far too many believers stuck in spiritual immaturity. Learn to encounter these lies with the truths about God in the Bible, to bring encouragement and freedom to our lives.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo