Paske pou mwen, si m ap viv se pou Kris m ap viv; epi lanmò se yon benefis pou mwen. Si mwen kontinye viv nan kò sa a, m ap kontinye travay mwen. Konsa mwen pa konnen kisa m ta chwazi: lavi oubyen lanmò? Se yon chwa ki difisil. Men gen de lè, mwen ta vle mouri pou m ka al jwenn Kris, sa t ap pi bon nèt. Men, gen de lè mwen santi l pi bon pou m rete vivan nan kò sa a, poutèt nou menm. Poutèt sa, mwen sèten m ap rete avèk nou pou m ede nou grandi ak lajwa nan lafwa nou. Konsa, lè m retounen jwenn nou ankò, n ap gen plis rezon pou n fyè poutèt sa Jezikris fè pou mwen. Men, kèlkeswa sitiyasyon an, se pou n viv yon fason ki konfòm ak Levanjil Jezikris a. Konsa, kit mwen retounen wè nou, kit mwen pa vini, mwen ta renmen tande bon temwanyaj sou nou, epi m ap konnen n ap mennen yon konba ansanm pou lafwa nou jwenn nan Levanjil la. Nou p ap pè sa yo ki kont nou. Kouray nou sèvi kòm prèv. Moun ki kont nou yo se moun pèdi yo ye, men nou menm, nou se moun sove. Se Bondye menm k ap fè sa. Se yon benediksyon Bondye ban nou, non sèlman pou nou sèvi Kris la, men pou nou soufri pou li tou. Konsa, nou nan menm batay avè m, batay nou te wè m ap mennen anvan sa a, se menm batay sa a nou tande mwen toujou ap mennen jouk kounye a.
Li Fil 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Fil 1:21-30
3 Jou
Ki sa delivrans vrèman vle di? Kisa nou dwe fè pou n sove? Poukisa nou bezwen ekonomize? Plan lekti sa a eksplore twa dimansyon – pase, prezan, ak lavni – sali a, ki eksprime nan lespri, nanm, ak kò. Ou te sove, ki etabli idantite ou. Ou ap sove paske ou sou yon chemen matirite. Epi w ap sove paske Bondye te asire avni etènèl ou a.
5 Jou
"Viktwa sou Lanmò" se yon seri devosyon ki ap chache konprann lanmò kòm yon reyalite nou paka evite sou wout nou nan lavi a. Men lanmò te soumèt li anba pouvwa ak viktwa Kris la sou kwa a. Chak meditasyon fè yon refleksyon sou diferans ki genyen ant lanmò fizik ak lanmò espirityèl, pandan l ap raple nou ke, nan Kris, se pa lanmò ki gen dènye mo a.
7 Days
We're always told, "It's just another part of life," but trite sayings don't make the sting of losing a loved one any less painful. Learn to run to God when facing one of life's most difficult challenges.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo