Men sa sa fè? Kit yo sensè kit yo pa sensè, sa ki pi enpòtan an se pale y ap pale moun de Jezi. Sa fè kè m kontan. Epi sa ap kontinye fè kè m kontan. Mwen konnen m ap rive jwenn liberasyon m nan prizon an gras ak konkou lapriyè nou ak sipò Lespri Jezikris va ban mwen. Se sa m ta renmen wè. Epi se sa m ap tann ak pasyans. Mwen p ap janm regrèt, okontrè, mwen gen yon gwo espwa. Kit mwen rete vivan, kit mwen ta mouri, se pou Bondye sèvi ak lavi m pou l fè lwanj pou Jezikris pi plis toujou. Paske pou mwen, si m ap viv se pou Kris m ap viv; epi lanmò se yon benefis pou mwen. Si mwen kontinye viv nan kò sa a, m ap kontinye travay mwen. Konsa mwen pa konnen kisa m ta chwazi: lavi oubyen lanmò? Se yon chwa ki difisil. Men gen de lè, mwen ta vle mouri pou m ka al jwenn Kris, sa t ap pi bon nèt. Men, gen de lè mwen santi l pi bon pou m rete vivan nan kò sa a, poutèt nou menm. Poutèt sa, mwen sèten m ap rete avèk nou pou m ede nou grandi ak lajwa nan lafwa nou. Konsa, lè m retounen jwenn nou ankò, n ap gen plis rezon pou n fyè poutèt sa Jezikris fè pou mwen.
Li Fil 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Fil 1:18-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo