Frè m ak sè m yo, m ta renmen nou konnen byen sa k rive m yo fè Levanjil la avanse. Sa fè tout moun isit la, ak sòlda women k ap pwoteje Seza yo, konnen se poutèt Jezikris mwen nan prizon. Se kon sa tou, anpil frè ak sè nan fanmi Bondye a vin pran plis kouray nan Senyè a, paske m nan prizon. Yo kòmanse vin gen plis kouray de jou an jou pou yo anonse Levanjil la san krent. Se vre, gen kèk nan yo ki preche nan non Jezi paske yo jalou epi yo vle fè polemik. Men gen lòt tou ki fè l paske yo renmen fè sa. Moun ki aji konsa, se renmen yo renmen m, yo konnen se Bondye ki mete m kote m ye a pou m defann Levanjil la. Men lòt yo anonse Levanjil Kris la ak yon lespri egoyis, yo pa sensè, epi yo panse yo ka ban m pwoblèm pandan m nan prizon an. Men sa sa fè? Kit yo sensè kit yo pa sensè, sa ki pi enpòtan an se pale y ap pale moun de Jezi. Sa fè kè m kontan. Epi sa ap kontinye fè kè m kontan. Mwen konnen m ap rive jwenn liberasyon m nan prizon an gras ak konkou lapriyè nou ak sipò Lespri Jezikris va ban mwen. Se sa m ta renmen wè. Epi se sa m ap tann ak pasyans. Mwen p ap janm regrèt, okontrè, mwen gen yon gwo espwa. Kit mwen rete vivan, kit mwen ta mouri, se pou Bondye sèvi ak lavi m pou l fè lwanj pou Jezikris pi plis toujou. Paske pou mwen, si m ap viv se pou Kris m ap viv; epi lanmò se yon benefis pou mwen. Si mwen kontinye viv nan kò sa a, m ap kontinye travay mwen. Konsa mwen pa konnen kisa m ta chwazi: lavi oubyen lanmò? Se yon chwa ki difisil. Men gen de lè, mwen ta vle mouri pou m ka al jwenn Kris, sa t ap pi bon nèt. Men, gen de lè mwen santi l pi bon pou m rete vivan nan kò sa a, poutèt nou menm. Poutèt sa, mwen sèten m ap rete avèk nou pou m ede nou grandi ak lajwa nan lafwa nou. Konsa, lè m retounen jwenn nou ankò, n ap gen plis rezon pou n fyè poutèt sa Jezikris fè pou mwen.
Li Fil 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Fil 1:12-26
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo