Jezi desann mòn nan, epi yon gwo foul moun t ap swiv li. Yon nonm ki t ap soufri ak maladi lèp te pwoche kote Jezi. Li lage kò l nan pye Jezi epi l di: “Mèt, si ou vle ou ka geri m!” Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm nonm nan te geri. Apre sa, Jezi di nonm nan: “Pa di pèsonn sa k pase a. Men, al fè sakrifikatè a egzamine w, epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va konnen ou geri.”
Li Mat 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 8:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo