Mat 5:3-10
Mat 5:3-10 VKF
“Benediksyon pou moun kè yo tankou mandyan ki nan bezwen, paske wayòm syèl la se pou yo. Benediksyon pou moun ki nan lapenn jodi a, paske Bondye gen pou konsole yo. Benediksyon pou moun ki desann tèt yo, paske y a eritye tè Bondye te pwomèt la. Benediksyon pou moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen, paske y ap jwenn satisfaksyon. Benediksyon pou moun ki gen konpasyon pou lòt moun, Bondye ap gen konpasyon pou yo tou. Benediksyon pou moun ki gen panse pwòp, yo gen pou yo wè Bondye. Benediksyon pou moun k ap travay pou lapè y a rele yo pitit Bondye. Benediksyon pou moun k ap sibi pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki dwat paske wayòm syèl la se pou yo li ye.






