Nou tande yo te di zansèt nou yo piga yo touye moun, paske nenpòt moun ki touye moun Bondye ap jije yo. Men mwen m ap di nou nenpòt moun ki ankòlè kont yon lòt ap pase nan jijman. Nenpòt moun ki derespekte yon lòt ap gen pou pase devan tribinal. Nenpòt moun ki joure yon lòt moun moun fou, li pral jije nan dife lanfè. Konsa, si ou gen yon ofrann pou ou bay, epi lè ou rive devan lotèl, ou sonje ou gen yon moun ki gen pwoblèm avè w, depoze ofrann nan yon kote, ale fè lapè ak moun ou gen pwoblèm nan. Apre sa, wa retounen vin bay ofrann nan. Si yon moun vle fè w pwosè, antann ou avè l depi anvan nou rive nan tribinal la. Si ou pa fè sa, lènmi w lan ap trennen w devan jij, jij la ap fè yon sòlda pran w, epi sòlda a ap fèmen w nan prizon. Anverite, m ap di ou, yo p ap lage w jouktan w fin peye tout dèt la. Nou te konn tande yo di: Piga nou fè adiltè, men mwen m ap di nou: nenpòt moun ki gade yon fi epi ki gen tan wè sa l ta fè avè l, li gentan komèt adiltè nan kè l. Si se je dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pèdi yon pati nan kò w, olye se tout kò a ki al boule nan lanfè. Si se men dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pou pèdi yon pati nan kò w olye se tout kò l ki al boule nan lanfè.
Li Mat 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 5:21-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo