Nan menm epòk la, Jezi soti nan rejyon Galile, li vini bò larivyè Jouden an paske li te vle pou Jan batize l. Men, Jan t ap chache yon fason pou l di non. Li di Jezi konsa: “Se mwen ki ta pou vin jwenn ou pou ou batize m, pouki ou vin jwenn mwen?” Lè sa a, Jezi reponn li: “Kite tout bagay fèt kon sa pou kounye a. Nou dwe fè tout sa ki dwat pou akonpli plan Bondye.” Apre sa, Jan te vin dakò pou l batize Jezi. Se kon sa Jezi te resevwa batèm nan. Touswit apre li te soti nan dlo a, syèl la te louvri. Lè sa a, Jezi wè Sentespri a tankou yon pijon ki t ap desann sou li. Epi yon vwa soti nan syèl la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.”
Li Mat 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 3:13-17
3 Days
What is baptism? Should I get baptized? Why is it important? Do I have to get baptized to be a Christian? Whether you have questions about baptism or you’re simply looking for a short devotional to read before or after being baptized, this Life.Church Bible Plan is perfect for starting today.
4 Jou
Seri 4 Kriyati Vivan ki site nan Bib la, dekri karakteristik gloye Jezi ki nou dwe posede pou nou tounen Kretyen efikas. Pandan nou egzamine nati moun lan, nou pral aprann kijan pou n bay menm karakteristik sa yo nan lavi nou nan lespri.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo