Apre sa prèt ki gen plis otorite yo ansanm ak lidè pèp Jwif yo te reyini nan lakou Kayif, chèf ki alatèt tout prèt yo. Yo t ap mare yon konplo an sekrè pou wè kijan yo te ka arete Jezi epi touye li. Men yo antann yo pou yo pa fè l pandan fèt Pak la paske yo pa t vle pèp la leve kont yo. Pandan Jezi te Betani lakay Simon, mesye ki te gen maladi lèp la, yon dam ki te gen yon boutèy pafen byen chè nan men l te pwoche bò kote Jezi, epi li vide pafen an sou tèt li pandan l t ap manje. Lè disip yo wè sa, yo fache ak dam lan. Yo kòmanse ap di: “Pouki kalite gaspiyaj sa a? Pafen sa a t ap vann yon bon ti kòb ki te ka ede anpil moun pòv.” Jezi ki te konnen sa yo t ap di a, mande yo: “Poukisa n ap bay dam nan panik? Se yon bon bagay li fè pou mwen. N ap toujou gen pòv avèk nou, men nou p ap toujou genyen m avèk nou. Pafen dam nan vide sou mwen an, se prepare l ap prepare kadav kò m pou antèman apre m fin mouri. An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.”
Li Mat 26
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 26:3-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo