Mat 26:20-30
Mat 26:20-30 VKF
Nan aswè Jezi te mete l atab ak douz disip li yo. Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m.” Yo te vin tris anpil epi youn apre lòt yo kòmanse ap mande Jezi: “Rabi, èske se mwen?” Jezi reponn yo: “Moun nan menm ki fèk tranpe pen nan plat la avè m, se li menm ki ap livre m. Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa a pou l pa t janm fèt.” Jida, ki te gen pou livre Jezi a, di: “Rabi, èske se mwen?” Jezi reponn li: “Se ou ki di l!” Pandan yo t ap manje konsa, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, epi li kase l bay disip yo. Li di yo: “Sa a se kò mwen. Pran, epi manje.” Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Li di yo: “Chak moun, bwè ladan l! Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche anpil moun. M ap di nou sa: Mwen p ap bwè diven sa a ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè l ankò ak nou nouvo diven an nan wayòm Papa m nan.” Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a.


