Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Mat 21:6-11

Mat 21:6-11 VKF

Disip yo te ale epi yo te fè jan Jezi te di yo a. Yo mennen ba li manman bourik la ak tout ti bourik la. Yo voye manto yo sou do bourik yo, kon sa Jezi chita sou yo. Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di: “Louwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a! Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!” Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?” Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”

Li Mat 21

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Mat 21:6-11

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Mat 21:6-11

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo Mat 21:6-11 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

5 Jou

Nan tout kat levanjil yo, yo dekri krisifiksyon ak rezirèksyon Jezi. Nan moman Pak sa a, li sou kijan Jezi te sibi trayizon, doulè, ak imilyasyon sou kwa a anvan li te transfòme mond lan gras a lespwa rezirèksyon li pote. Chak jou, yon ti videyo ap ilistre yon pati nan istwa a.

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo