Mat 20:8-16

Mat 20:8-16 VKF

Nan fen jounen an, mèt jaden an rele moun ki responsab pou peye travayè yo, epi li di l: Rele travayè yo vin touche. Kòmanse ak sa yo ki te vin an dènye jouktan w rive sou premye a. Lè travayè ki te vin a senkè a vin touche, yo chak resevwa kòb yon jounen travay. Konsa, lè gwoup ki te vin an premye a vin touche yo te panse yo t ap jwenn yon ti diplis, men yo tout te touche menm kòb la. Yo pran kòb la, men yo t al plenyen bay mèt jaden an. Yo di: Nèg senkè yo, fè sèlman inèdtan travay, men nou menm nou pase tout jounen an ap travay anba solèy cho a, epi ou ba nou menm fòs kòb! Mèt jaden an reponn youn pami yo: Zanmi m, mwen pa fè nou lenjistis. Èske nou pa t mete nou dakò pou m peye yon jounen travay? Pran sa k pou ou a, epi al lakay ou! Se mwen ki deside pou m bay tout moun menm kòb. Dayè kòb mwen se pou mwen, mwen ka fè sa m vle avè l, pa vre? Èske nou jalou paske mwen gen kè nan men pou lòt moun yo? Konsa, anpil moun ki nan dènye plas kounye a ap gen pou vin premye. Anpil moun ki premye kounye a gen pou yo vin dènye.”

Li Mat 20