Mat 19:28-30

Mat 19:28-30 VKF

Jezi di yo: “Anverite m ap di nou, nan nouvo mond la, Pitit Lòm nan gen pou chita sou yon twòn laglwa li. Lè sa a, nou menm tou n a chita sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt non mwen ap gen pou resevwa 100 fwa plis, epi l ap eritye lavi etènèl nan fanmi Bondye. Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.

Li Mat 19