Mat 17:10-13
Mat 17:10-13 VKF
Apre sa, disip ki te avèk Jezi yo mande l: “Poukisa pwofesè lalwa yo di fòk Eli vini anvan?” Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan, pou li mete tout bagay nan plas yo! Men m pa kache pale nou, Eli vini deja. Men, poutèt yo pa t rekonèt ki lès li ye, yo te fè sa yo te vle avèk li. Pitit Lòm nan gen pou sibi menm trètman an tou.” Lè sa a, disip yo vin konprann li t ap pale yo sou Janbatis.

