Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon: “Ki lès nou tande yo di mwen ye, mwen menm Pitit Lòm nan?” Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Janbatis. Gen lòt moun ki di ou se Eli. Gen yon lòt gwoup ki di ou se Jeremi oswa youn nan pwofèt yo.” Apre sa, Jezi mande disip yo: “E nou menm, ki lès nou di mwen ye?” Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!” Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa. Ou rele Pyè ki vle di wòk, pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò p ap ka gen viktwa sou li.
Li Mat 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 16:13-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo