Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Mat 15:10-20

Mat 15:10-20 VKF

Jezi pale ak foul moun yo epi li di yo: “Louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an: Se pa sa k ap antre nan bouch yon nonm ki fè l diskalifye pou adore Bondye, men se sa k ap sòti nan bouch li.” Apre sa disip Jezi yo pwoche bò kote li, epi yo di l: “Èske ou reyalize sa w di a pa fè pwofesè lalwa yo ak farizyen yo fache anpil?” Jezi reponn yo: “Si se pa Papa m ki nan syèl la ki plante yon plant, menm rasin li p ap ka ret anba tè. Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.” Apre sa, Pyè di Jezi: “Èske w ka ban nou plis eksplikasyon sou konparezon w sot fè a?” Jezi di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? Nou pa konprann, tout sa ki antre nan bouch desann nan vant. Epi apre sa, nou jete l nan latrin? Men sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. Se nan kè move panse soti. Se nan move panse ak tout lòt bagay yo ye, tankou touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, bay manti, tripotay. Se bagay sa yo ki sal moun. Men manje san lave men pa sal yon moun.”

Li Mat 15

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Mat 15:10-20

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo