Mat 13:37-43

Mat 13:37-43 VKF

Lè sa a, Jezi di yo: “Moun ki plante bon grenn nan, se Pitit Lòm nan. Jaden an reprezante lemonn antye. Bon grenn nan, se moun ki fè pati wayòm Bondye a. Zèb la se tout moun Satan yo. Lènmi ki plante zèb la se Dyab la. Jou rekòt la reprezante lafendimond. Travayè yo se anj Bondye yo. Menm jan yo rache zèb yo pou boule nan dife, se kon sa sa pral ye lè lafendimond nan rive. Pitit Lòm nan ap voye anj li yo pou vin triye tout sa yo k ap fè peche epi k ap pouse moun fè peche pou retire yo mete deyò wayòm li an. Apre sa anj yo ap voye moun sa yo nan flanm dife kote ki gen kriye ak manje dan. Moun ki te mache dwat devan Bondye pral klere kon solèy nan wayòm Bondye a. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!

Li Mat 13