Mat 11:18-20
Mat 11:18-20 VKF
Koute! Jan vini, li pa bwè li pa manje menm manje ak tout moun. Yo di li gen move lespri sou li. Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move renome. Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan aksyon l yo.” Apre sa, Jezi te kòmanse repwoche moun lavil kote li te fè plis mirak yo. Lavi yo pa t montre okenn chanjman pozitif.

