Mat 11:1-7
Mat 11:1-7 VKF
Lè Jezi fin pale ak douz disip li yo, li kite kote l te ye a. Li t ap mache toupatou nan rejyon Galile a, li t ap bay pèp la ansèyman, epi li t ap preche pawòl Bondye. Pandan Janbatis nan prizon, li tande tout sa ki t ap pase, tout sa Kris la ta gen pou fè. Li voye kèk nan disip li yo bò kote Jezi. Li voye mande Jezi: “Èske se ou menm ki gen pou vini an oubyen èske nou dwe tann yon lòt?” Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande: Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la. Benediksyon pou tout moun ki pa gen dout sou mwen!” Apre disip Jan yo fin ale, Jezi kòmanse pale de Jan ak foul moun ki te la yo: “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke?

