Lè nou fè jaden, nou toujou di nan kat mwa ankò n ap gen rekòt. Men m ap di nou, leve je nou gade jaden yo. Yo gentan bon pou rekòt la. Moun k ap ranmase rekòt la ap touche salè yo. Y ap rasanble fwi pou lavi etènèl. Konsa moun k ap plante a ak moun k ap ranmase rekòt la kapab rejwi ansanm. Nan ka sa a, sa yo di a se vre: Youn plante, yon lòt rekòl te. Mwen voye n al ranmase rekòt kote nou pa t plante. Gen lòt moun ki te plante, epi se nou menm k ap pwofite travay yo.” Anpil Samariten nan vil la te kwè nan Jezi. Yo te kwè poutèt sa fanm nan te di yo sou Jezi a. Li te di yo: “Li di mwen tout sa m fè.” Samariten yo ale kote Jezi. Yo mande Li rete ak yo. Konsa, Jezi te pase de jou ak yo. Anpil lòt moun te kwè nan Li poutèt sa Li t ap di. Moun yo di fanm nan: “Anvan, nou te kwè poutèt sa ou te di nou. Men kounye a, nou kwè paske nou tande Li ak pwòp zòrèy nou. Kounye a, nou konnen se li menm ki gen pou sove lemonn.”
Pataje
Li Jan 4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo