Jak 2:20-23
Jak 2:20-23 VKF
Sanble ou pa byen nan tèt! Yon lafwa ki pa fè anyen pa vo anyen. Èske w vle m pwouve sa? Papa nou Abraram te vin konsidere kòm moun dwat devan Bondye poutèt sa l te fè. Li te bay Bondye pitit li Izaak sou yo lotèl. Konsa, ou wè lafwa Abraram ak sa l di travay ansanm. Lafwa li te bon nèt poutèt sa l te fè. Sa montre vrèman sa Bib la di a, “Abraram te konfye l nan Bondye, epi poutèt li te kwè, Bondye te aksepte l pou moun ki fè sa ki dwat devan l.” Yo te rele Abraram “Zanmi Bondye”.


