Jak 1:4-10
Jak 1:4-10 VKF
Lòske pasyans lan fè travay li nan ou, l ap pote bon rezilta. Ou ap vin yon moun ki gen matirite epi byen fòme. Ou ap vin egzateman jan Bondye vle w ye, san manke anyen. Si yon moun pami nou ta renmen genyen sajès, li dwe mande Bondye l, epi Bondye ap bali l. Lè Bondye bay, li bay an kantite, san l pa fè moun nan repwòch. Men lè w mande Bondye, ou dwe fè l konfyans, san w pa gen dout sou li. Nenpòt moun k ap doute, li sanble ak gwo lanm lanmè yon van ap leve voye anlè. Yon moun kon sa pa bezwen kwè l ap jwenn kèk bagay nan men Senyè a, se yon moun ki pa konnen sa l vle, k ap woule de bò. Yon frè ou yon sè ki pa rich, li ta dwe santi l fyè konsa, paske Bondye ba l yon plas ki enpòtan. Yon frè ou yon sè ki rich, li dwe santi l fyè, lè sitiyasyon lavi a imilye l. Richès yo p ap fè yo viv pou tout tan, y ap disparèt menm jan ak flè pye bwa nan raje.



