Li se tèt legliz la ki se kò a. Li se kòmansman tout bagay. Li se premye pami moun ki gen pou leve soti vivan nan lanmò. Sa fè se li ki gen premye plas epi se li ki pi enpòtan nan tout bagay. Se yon plezi Bondye pran pou l mete tout sa limenm li ye nan Pitit la. Epi Bondye ap rekonsilye tout bagay ak li menm ankò pa mwayen Pitit la. Se san Pitit la ki koule sou kwa a ki fè Bondye ka fè lapè ak tout bagay sou latè, menm jan ak sa ki nan syèl la. Lontan, nou te lwen Bondye, nou te lènmi Bondye poutèt sa nou te konn panse ak sa nou fè ki mal yo. Men kounye a, Bondye fè nou tounen zanmi l ankò, grenmesi lanmò Kris, lè l te nan kò sa a. Bondye fè sa pou li ka prezante nou devan li tankou moun ki apa pou li, moun ki san repwòch, moun ki pa gen okenn bagay ki ta ka rann yo koupab devan li. Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè. Mwen kontan pou m soufri pou nou. Gen anpil soufrans Kris dwe kontinye sipòte, m ap sipòte yo nan kò pa m pou Legliz la, ki se kò Kris la. Mwen vin yon sèvitè pou Legliz la, paske Bondye ban mwen yon travay espesyal pou m fè. Travay li ban mwen an, se pou m anonse mesaj Bondye a tout kote. Mesaj sa a, se plan sekrè Bondye ki te kache depi okòmansman, pou pèsonn pa t konnen l, men kounye a, li deside devwale l bay pèp li a. Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye. Se sa ki fè n ap kontinye preche tout moun Levanjil Kris la. Nou sèvi ak anpil sajès pou nou avèti epi ansenye tout moun. Nou fè sa pou n kapab prezante chak moun bay Bondye tankou moun ki solid nan lavi y ap mennen pou Bondye nan Kris la. Pou m ka rive fè sa, m travay di, epi m sèvi ak fòs Jezikris ban mwen an. E se fòs sa a k ap travay nan mwen.
Li Kol 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Kol 1:18-29
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo