Trav 5:28-32
Trav 5:28-32 VKF
Pi gran sakrifikatè a di yo: “Èske nou pa t defann nou pale nan non nonm sa a? Epoutan, gade sa nou fè, nou ranpli tout Jerizalèm ak ansèyman nou yo epi nou vle rann nou menm lidè yo responsab lanmò li.” Men, Pyè ansanm ak lòt apot reponn yo di: “Se Bondye nou dwe obeyi, pase pou n obeyi moun. Nou te klouwe Jezi sou yon kwa epi nou touye li. Men Bondye zansèt nou Abraram, Izarak ak Jakòb te konn sèvi a, fè l leve vivan ankò. Se li menm Bondye fè monte nan syèl la vin chita sou bò dwat li. Li fè l tounen chèf nou ak sovè nou. Bondye fè sa pou l ka ofri pèp Izrayèl la yon okazyon pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l ka resevwa padon pou peche l yo. Nou menm k ap pale avèk ou la a, nou se temwen tout bagay sa yo. Sentespri a Bondye bay tout moun ki chwazi obeyi l yo, li kapab jistifye tout bagay sa yo tou.”


