Trav 5:1-4
Trav 5:1-4 VKF
Te gen yon nonm yo te rele Ananyas ansanm ak madanm li Safira. Ananyas te vann byen pa l tou. Men, li menm ak madanm li deside sere yon pati nan kòb la, epi li pote rès la bay apot yo. Pyè di li: “Ananyas, poukisa ou kite Satan ranpli kè w konsa? Ou sere nan kòb jaden an epi ou vin bay Sentespri a manti? Anvan ou te vann jaden an, se jaden w li te ye. Menm lè ou fin vann li, ou te ka fè sa ou vle ak kòb la. Ki jan ou fè kite yon bagay kon sa monte nan tèt ou pou ou fè? Se pa yon moun non ou bay manti, men se Bondye.”

