Trav 4:18-21
Trav 4:18-21 VKF
Apre sa, yo rele apot yo, yo pase yo lòd sevè pou yo pa janm preche ni anseye moun nan non Jezi ankò. Men, Pyè ak Jan reponn Gran Konsèy la, yo di yo: “Ki sa nou panse Bondye ta vle, pou n obeyi nou osinon pou n obeyi Bondye? Nou pa ka pe bouch nou, nou pa ka pa rakonte sa nou te wè ak sa n te tande.” Malgre sa, lidè Jwif yo bay Pyè ak Jan kèk presyon toujou epi yo lage yo. Yo pa t ka jwenn okazyon pou pini mesye yo poutèt pèp la. Se tout pèp la ki t ap fè lwanj pou Bondye poutèt gwo mirak mesye yo te fè a.



